s-1
| Premye jou je m tonbe sou li a, m pat gen okenn presantiman lavi m ta pral chanje. |
s-2
| Jou sa lapli te kòmanse tonbe depi nan maten. |
s-3
| Yon fwa lè m te piti, m te anvi bwè dlo lapli a nan flè yo epi m te wè yon foumi ki mouri ladann. |
s-4
| Yon ti souri parèt sou lèv mwen. |
s-5
| M te krache nan dlo a, manman m te fache paske, pou li, se te yon vye konpòtman. |
s-6
| Sa pase lontan sa. |
s-7
| M te chita sou yon chèz devan pòt klas la nan Fakilte Lenguistik, m t ap pale ak lòt kamarad mwen yo de maryaj yon sè m mwen t ale nan Petyonvil, epi n te tou pwofite pale de amitye nou lè n te piti. |
s-8
| Fòk m di nou, m gen 2 gran frè ak yon ti sè bò manman epi plizyè gran sè ak yon ti frè bò papa... |
s-9
| Pandan je m fèmen, m t ap panse ak sa k te rive m nan pase, se lè sa m tande pòt klas la ouvè. |
s-10
| Menm moman an, tout moun fè silans. |
s-11
| Mwen m toujou ret je fèmen epi tèt mwen bese sou biwo a. |
s-12
| 'Bonswa, m ka fè yon ti pale pandan kèk minit ak nou si sa p ap deranje n?' |
s-13
| Mwen santi yon frison vyolan pran m nan tout kò m lè m ouvè je m pou m gade moun ki pale a mwen wè se yon jennon m wo ak tout souri sou lèv li ki te rantre epi l kanpe. |
s-14
| Li pa t lòt ke yon enkoni ki te nan dezyèm ane a. |
s-15
| 'Wi, avanse non mesye,' klas la reponn. |
s-16
| Pawòl li yo t ap repete nan tèt mwen chak fwa m gade l. |
s-17
| Non jennonm sa se Claudy... |
s-18
| Aprè kèk mwa nou rantre nan Fakilte Lengwistik Aplike a, li te vin envite n nan fèt li t ap òganize nan mwa desanm pou klas li a (paske se li ki te prezidan). |
s-19
| Yon sèl kou a, sèl panse ki monte nan tèt mwen se te 'ale nan fèt la' pou m te ka wè l ankò. |
s-20
| Je l ak cheve l yo te atire m anpil. |
s-21
| Mwen pa bezwen di nou pou BOUCH li. |
s-22
| M pa konn si se sa yo rele kout foud la, men sèl sa m konnen, m te tonbe menm moman an. |
s-23
| Malerezman m pa t ka la nan fèt la paske fòk m te rantre Jakmèl pou konje desanm. |
s-24
| Se yon koutim familyal m pa t ka rate. |
s-25
| Chak moun bay non yo aprè l fin pale, sof mwen ki te ba l nimewo m paske m pa t ap la, jis pou n te ka toujou pale. |
s-26
| 'Ou pa janm konnen sa k ap vin dèyè envitasyon sa m rate a...' |
s-27
| Li apiye sou pòt la, ap tann repons nou, aprè li remèsye n epi l ale. |
s-28
| Nan yon ti tan ankò, enkoni sa retounen pase devan klas la, pandan m t ap sòti pou m al lakay mwen. |
s-29
| Li te mete yon bèl mayo ki byen tonbe sou li, e ki gen yon koulè ki atiran. |
s-30
| Mwen vire pou m pale ak yon kamarad, lè m tounen pou m swiv li, li gentan 'disparèt'. |
s-31
| M pa bezwen di n kijanm santi m. |
s-32
| Akoz lapli ki t ap tonbe a, tan an te sonb, e m te dwe rantre lakay mwen rapid. |
s-33
| Mwen te abite Lamentin 54, Kafou. |
s-34
| M te kouri al pran bis pou m ale. |
s-35
| Pandan m chita nan bis la mwen apiye tèt mwen sou fenèt la m ap panse ak tout sa m ta fè pou m patisipe nan fèt la. |
s-36
| Men... |
s-37
| Elas! |
s-38
| Èske vrèman se yon enkoni ki te vin nan klas la ? |
s-39
| Nou pa imajine n kijanm anvi konn moun ki kache dèyè stati sa, m pa ka tann pou l ekri m -- byenke m pat gen asirans sa. |
s-40
| M desann bis la tou dezole paske m pa t gentan pale avè l pou m konnen l plis. |
s-41
| Lè m rive lakay mwen, m retire rad sou mwen epi m lage kò m sou kabann nan pou m repase imaj sa m te wè a nan panse m. |
s-42
| M ta renmen w fè m plezi pou w akonpanye m menmsi w pa ta rete pou jiskaske l fini,' li ajoute. |
s-43
| M rete san di anyen paske l enposib pou mwen pou m ta la, sof si m ta di manman m se yon obligasyon pou m rete pou fen desanm sa a. |
s-44
| Tout panse m fè te abouti ak yon sèl konklizyon, fòk m al jwenn fanmi m yo Jakmèl. |
s-45
| Kidonk, m di l li jan l ye a epi m ret a repons m ba li a, ki se 'NON'. |
s-46
| 'Hmm...! li reponn. |
s-47
| Ebyen mèsi paske w refize m, m pat atann a sa non, men m pa ka fòse w. |
s-48
| SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — Fanmi yon koup ameriken ke bandi kidnape ann Ayiti ap plede pou yo jwenn liberasyon. |
s-49
| Nikese Toussaint di ke gang te kidnape frè l, madanm li ak yon twazyèm moun ki t ap vwayaje avèk yo 18 mas pase. |
s-50
| Toussaint di nan yon entèvyou nan telefòn lendi ke gang nan mande $200,000 pou chak moun, e ke fanmi li pa gen kalite lajan sa a. |
s-51
| Li te di ke FBI ap ede jwenn liberasyon yo. |
s-52
| Biden: 'Etazini Pa Ekate Posibilite pou Itilize Lafòs pou Tabli Lapè an Ayiti' |
s-53
| Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan Ottawa, Kanada, 24 Mas, 2023. |
s-54
| Etazini ap chache sipò pou fòs polis nasyonal Ayiti e lap etidye posibilite pou Nasyonzini ta jwe yon wol nan jefò pou tabli lape an Ayiti. |
s-55
| Se sa Prezidan Joe Biden fe konnen pandan vizit li nan peyi Kanada Vandredi 24 Mas la. |
s-56
| 'Nempòt ki desizyon pa rapo ak yon fòs milite - ke nou diskite souvan, ta dwe fèt an konsiltasyon ak Nasyonzini epi gouvenman Ayisyen an. |
s-57
| Donk nou pa ekate posibilite a men se pa yon bagay nou anvizaje fè kounyela a.' |
s-58
| Prezidan Biden di, yap gade pou wè si kominote entènasyonal la pata jwe yon pi gwo wòl nan jefò a. |
s-59
| Li te pale de aktivite gang yo tou. |
s-60
| ' Lide sou kijan nou pral fè fas ak sakap pase an Ayiti, kote gang yo esansyèlman ranplase gouvènman an, an efè yap dirije peyi a. |
s-61
| Kidonk mwen kwè sa Premye Minis Trudeau di sou koze a fè anpil sans. |
s-62
| Pi gwo bagay nou ka fè e se yon bagay kap pran tan, se ogmante kapasite polis nasyonal la genyen pou fè fas ak pwoblèm yo konstate. |
s-63
| Nap gade tou pou wè si kominote entènasyonal la pa l entèmedyè Nasyonzini taka jwe yon pi gwo wòl nan jefò sa a. |
s-64
| Men vreman vre, se yon gwo ke sote pou nou.' |
s-65
| Ayiti sete youn nan kestyon prensipal Prezidan Joe Biden te diskite ak Premye Minis Justin Trudeau pandan vizit 2 jou li nan Ottawa. |
s-66
| Lachin Lanse yon Pinga bay Lidè Taiwan Akoz yon Rankont li Pral Fè ak Responsab Ameriken |
s-67
| Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen (mitan) ak sekrete jeneral biwo prezidans la Lin Chia-lung (a goch) epi Minis Afe Etranje Joseph Wu (a dwat), nan Taipei, Taiwan, 29 Mas, 2023. |
s-68
| Lachin menase pou l 'kontrekare yon fason rezolu' rankont prezidan Taiwan nan ap planifye pou fè ak Lide Lachanm Depite Etazini pandan yon vizit nan vil Los Angeles. |
s-69
| Biwo Chinwa pou Zafè ki gen pou wè ak Taiwan nan mande pou oken responsab Ameriken pa rankontre Prezidan Taiwanèz Tsai Ing-wen. |
s-70
| Tsai pati kite Taiwan Mekredi pou peyi etranje. |
s-71
| Li pral vizite Guatemala ak Belize. |
s-72
| Prezidan an sipoze fè yon pase Los Angeles 5 Avril la anvan li retounen Taiwan. |
s-73
| Se pandan eskal sa a ke li gen entansyon rankontre Lidè Lachanm Kevin McCarthy. |
s-74
| Ministe Afè Etranjè Lachin nan blame Washington pou tansyon ki egziste ant Peken ak Etazini. |
s-75
| Li di se paske Washington ogmante relasyon ni ak Tsai. |
s-76
| Taiwan te separe ak Lachin apre yon gè sivil an 1949. |
s-77
| Kounyea zile a endepandan. |
s-78
| Kisa pou w konnen sou Alvin Bragg, avoka distri Manhattan |
s-79
| Yon gran jiri New York k ap mennen ankèt sou peman anba tab ki te fèt sou non Donald Trump pandan kanpay prezidansyèl ane 2016 la vin santre atansyon sou avoka distri Manhattan nan k ap jere dosye a. |
s-80
| Desizyon ke Alvin Bragg pran pou konvoke gran jiri sou dosye sa nan kòmansman ane 2023 kapab debouche sou akizasyon kriminèl kont yon ansyen prezidan ameriken. |
s-81
| Yo te eli Bragg kòm premye avoka Nwa nan distri Manhattan an Novanm 2021. |
s-82
| Karyè legal li gen ladan travay li te fè kòm yon pwosekitè federal ak avoka dwa sivik ki te reprezante manman Eric Garner. |
s-83
| Meksik Arete 5 Moun an Koneksyon ak Dife ki Pete nan Sant pou Migran an |
s-84
| Otorite meksiken arete 5 moun pou swadizan koneksyon yo ak yon dife ki te pete nan yon sant meksiken ki kenbe migran, kote 30 migran pèdi lavi yo. |
s-85
| Anons arestasyon an fèt jedi, yon jou apre minis jistis Meksik la te anonse yon ankèt sou ansasinay nan kesyon dife a, apre yon video siveyans sanble moutre gad sekirite ki pa te fè anyen pou ede migran yo chape poul yo lè dife t ap anvayi selil kote yo te fèmen. |
s-86
| Meksik di l ap Mennen ankèt sou 8 Moun nan Dife ki te Touye Moun nan yon Sant pou Migran |
s-87
| CIUDAD JUAREZ, Meksik (AP) — Otorite Meksiken yo di y ap mennen ankèt sou 8 anplwaye oswa otorite pou konnen si se move konduit nan yon sant kote yo kenbe migran ki te lakoz dife ki pran lavi 39 moun ki te anba kòd nan sant la. |
s-88
| Kòlè ak fristrasyon apre dife a nan vil Ciudad Juarez te kontinye Mèkredi pandan plizyè santèn imigran t ap mache pou rive nan yon pòtay ki toupre fwontyè peyi a ak Lèzetazini nan espwa ke yo ka travèse an mas. |
s-89
| Otorite Meksiken yo sanble lage responsablite lanmò yo sou kontraktè prive ki t ap travay kòm gad sekirite. |
s-90
| Videyo te montre gad yo ki t ap kouri pou lafimen san yo pa chache libere prizonye yo. |
s-91
| 39 Moun Mouri nan Dife nan Sant Migran Meksik Toupre Fwontyè ak Etazini |
s-92
| MEXICO CITY (AP) — Plis pase twa douzèn migran pèdi lavi yo nan yon dife ki pran nan yon dòtwa nan yon sant kote yo fèmen migran Meksiken toupre fwontyè Etazini. |
s-93
| Se youn nan ensidan kote plis moun mouri nan yon sant pou kenbe migran nan peyi a. |
s-94
| Kèk èdtan apre dife a te eklate Lendi swa, yo te aliyen kèk kadav ke yo te kouvri anba dra deyò etablisman an nan Ciudad Juarez, anfas El Paso, Texas. |
s-95
| Anbilans, ponpye ak lòt kamyon ki soti nan mòg la te anvayi lye ensidan an. |
s-96
| Biden Enpoze Premye Veto Prezidans li |
s-97
| Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo nan Lamezonblanch, 20 Janvye 2023. |
s-98
| Prezidan Joe Biden enpoze premye veto prezidans li nan yon siy ki montre relasyon ant Lamezonblanch ak Kongrè a chanje apre Repibliken yo pran kontwòl Lachanm Depite yo nan mwad Janvye a. |
s-99
| Ak veto li enpoze Lendi, Biden tap chache bloke yon mezi Repibliken yo adopte ki entèdi gouvenman an konsidere chanjman klimatik ni pwose potansyèl lè lap fè envestisman pou plan retrèt sitwayen Ameriken yo. |
s-100
| Aksyon Bank Credit Suisse Pèdi Valè nan Moman Kè Sote Global Pa Rapò ak Bank yo Ogmante |